Li te konfonn e malalèz lè l te rankontre yon fanm ki te montre l konpasyon. Desta te gen yon volonte fò, li te pèsevere kèlkeswa sikonstans yo, epi li te kapab inyore andikap nonm nan pou l wè klèman tout kapasite li yo. Malgre lòt moun te panse li te sòt, li te vle marye avè l. Sa fè 12 an depi yo te kòmanse bati yon lavi ansanm.
Desta di pwojè sa a pote "yon bèl espwa" pou fanmi yo, li ofri yo sipò nan tout direksyon pandan y ap pouswiv potansyèl yo.
LIA egziste pou pote sipò bay moun sosyete a nòmalman neglije, moun tankou Megbare, pou ede yo wè sa nou deja fè a – ke yo se vwa ki gen anpil valè nan mond nou an epi yo kapab kenbe espwa. Tanpri priye avèk nou pou fanmi sa a ak lòt moun n ap sèvi ann Afrik ak nan Karayib la. Mande Bondye pou l ba yo vizyon pou yo wè tèt yo jan li wè yo a epi se pou sa chanje non sèlman lavi yo, men lavi moun ki bò kote yo tou.






